BACK TO THE HOMEPAGE           VOLUNTEER FOR US!
  LONWEB PARALLEL TEXTS

 
 
 

CREOLE

 
 

 

DONE SOU MOUN 
KI GRANGOU SOU LATÈ

HUNGER
FACTS

1. Chak jou, gen apeprè 24 mil moun ki mouri grangou oubyen ki mouri ak maladi, malnitrisyon lakòz. Chif la bese paske 10 an de sa li te 35 mil, e 20 an de sa li te 41 mil. Twaka nan moun ki mouri yo se timoun 5 an oubyen ki gen mwens pase 5 an. 1. About 24,000 people die every day from hunger or hunger-related causes. This is down from 35,000 ten years ago, and 41,000 twenty years ago. Three- fourths of the deaths are children under the age of five.
2. Jodi a 10 % timoun nan peyi k ap devlope yo mouri anvan yo gen 5 an. Chif sa a bese paske 10 an de sa li te 28 %. 2. Today 10% of children in developing countries die before the age of five. This is down from 28% fifty years ago.
3. Grangou ak lagè lakòz 10 % nan lanmò ki gen rapò ak famin, kwak ka sa yo se yo nou gen tandans rankontre plis. Pi fò ka lanmò, grangou lakòz, se ka kote moun yo pase anpil tan san manje. Sa ki fè yo pa manje se paske yo nan mizè. 3. Famine and wars cause just 10% of hunger deaths, although these tend to be the ones you hear about most often. The majority of hunger deaths are caused by chronic malnutrition. Families simply cannot get enough to eat. This in turn is caused by extreme poverty.
4. Met sou lanmò, malnitrisyon kapab lakòz moun gen pwoblèm zye, yo pa itil kò yo, yo pa grandi nòmal epi maladi antre sou yo fasil. Moun ki nan gwo grangou gen pwoblèm pou yo mennen menm ti aktivite anpil moun mennen toulejou. 4. Besides death, chronic malnutrition also causes impaired vision, listlessness, stunted growth, and greatly increased susceptibility to disease. Severely malnourished people are unable to function at even a basic level.
5. Dapre enfòmasyon ki soti nan (FAO) gen 800 milyon moun sou latè kon sa ki nan grangou. Se apeprè 100 fwa kantite moun ki mouri akòz grangou chak ane. 5. It is estimated that some 800 million people in the world suffer from hunger and malnutrition, about 100 times as many as those who actually die from it each year.
6. Anpil fwa moun ki pòv pa bezwen jwenn anpil resous pou yo degaje yo. Kon sa yo pap oblije depann de lòt moun. Pami resous sa yo ou ta ka jwenn, bon jan semans, zouti ki nesesè, epi dlo. Sa ki ta ede yo tou se amelyore teknik yo sèvi pou yo plante epi pou yo konsève sa yo rekòlte. 6. Often it takes just a few simple resources for impoverished people to be able to grow enough food to become self-sufficient. These resources include quality seeds, appropriate tools, and access to water. Small improvements in farming techniques and food storage methods are also helpful.
7. Anpil espesyalis nan zafè bay moun manje panse edikasyon se pi bon mwayen ki ka pèmèt nou redui valè moun k ap soufri grangou. Moun ki edike pi fasil kapab wete kò yo nan mizè ki lakòz yo grangou. 7. Many hunger experts believe that ultimately the best way to reduce hunger is through education. Educated people are best able to break out of the cycle of poverty that causes hunger.
Referans:
1) Pwojè pou moun ki nan famin, Nasyonzini
2) Fondasyon CARE
3) Enstiti pou pwodiksyon manje epi pou politik devlopman 
4) Pwogram Nasyonzini pou distribiye manje toupatou sou latè 
5) Òganizasyon Nasyonzini pou Agrikilti epi pou pwodui manje
6) Oksfam 
7) Inisèf 
Sources (by paragraph):
1) The Hunger Project, United Nations;
2) CARE;
3) The Institute for Food and Development Policy;

4) United Nations World Food Program (WFP);

5) Food and Agriculture Organization of the United Nations (FAO);
6) Oxfam;
7) United Nations Children's Fund (UNICEF)