Yon sipriz
|
The surprise
|
Daisy pran telefòn lan pou li ka eseye rele kliyan
lan ankò.
|
Daiy picked up the telephone and tried to get through
to her client again.
|
Kliyan lan, yo gwozotobre ki rele Frank Baccini, ki
te genyen yon gwo magazen materyèl elektrik, pat janm peye l pou de jou
travay li te fè pou li.
|
Her client, a certain Frank Baccini, who had a
warehouse of electrical goods, had not paid for her two days' work.
|
Daisy rive dekouvri kote yon patnè malonèt mesye
Baccini te rete, epi li tap tann lajan l matin, midi, swa.
|
Daisy had managed to discover where Mr. Baccini's
dishonest partner was now living and was anxiously expecting her cheque.
|
Daisy te kòmanse panse ke kliyan l lan te malonèt tou.
|
Daisy was beginning to think that her client was
dishonest too.
|
“Alo, eske m ka ede w?” yon vwa reponn nan lòt
liy lan.
|
Hello, can I help you?" was the reply at the
other end.
|
Se te vwa yon jèn
fi, sekretè mesye Baccini an.
|
It was a young woman's voice, Frank Baccini's
secretary.
|
“Mwen
ta renmen pale ak mesye Baccini, silvouplè”
|
"I'd like to speak to Mr. Baccini, please."
|
“Li
pa la non, lal fè yon ti vwayaj.”
|
"Sorry, Mr. Baccini is out of town."
|
“Men ki lè lap tounen?”
Daisy mande fi-a.
|
"But when is he coming back?" insisted
Daisy.
|
“Mwen pa konnen non.”
|
"I'm afraid I don't know."
|
“Di
l silvouplè ke Daisy Hamilton
te rele l epi li ta renmen pale ak li jodiya menm.”
|
"Will you tell him Daisy Hamilton telephoned and
would like to talk to him urgently."
|
“Enbyen
wi, ma wè sa,” fi-a reponn tankou sa pa gade l.
|
"Well - yes, I suppose so," was the
completely unconcerned reply.
|
Pandan de semèn,
sa te fè dizyèm fwa Daisy pale ak jèn fi sa-a, men gwozotobre yo rele
Frank Baccini an poko janm ka pale ak li.
|
This was the tenth telephone conversation Daisy had
had in two weeks with this young woman, but Frank Baccini hadn't got in
touch with her yet.
|
Dezi
te fache tankou yon michan toro ak kòn epi li deside ale nan magazen
mesye Baccini pou jwen ak li.
|
Daisy was furious and decided to go to Mr. Baccini's
warehouse to see if he was there.
|
Lè
l rive, li frape nan pòt biwo-a
|
When she arrived, she knocked on the office door.
|
Sekretè
mesye Baccini-a ak vwa monotòn li an di l: “Antre.”
|
Mr. Baccini's secretary said in her monotonous voice:
"Come in."
|
“Mwen
rele plizy’e fwa isi-a – non mwen se Daisy Hamilton.”
|
"I've telephoned many times - my name is Daisy
Hamilton."
|
“Tout bon? Ak kil’es ou vle pale?” jèn
fi-a mande Daisy san l pa men leve tèt li pou l gade Daisy.
|
"Really? Who did you want to speak to?"
asked the young woman without even glancing at Daisy.
|
“Mwen bezwen pale ak mesye Baccini,” Daisy
reponn.
|
"I want to speak to Mr. Baccini," replied
Daisy.
|
Daisy kòmanse vin pi agresif.
|
She was becoming even more aggressive.
|
“Mesye
Baccini pala,” sekretè-a reponn nan menm vye vwa l la
epi li kontinye li liv ki te nan menn lan.
|
"I'm afraid he's not here," said the
secretary in her usual monotonous way and went on reading her magazine.
|
Daisy
fè yon sèl rele sou li, “Sap fini jodiya” epi li frape pòt
la epi l vire do l.
|
Daisy shouted "Enough is enough!" and
banged the door closed.
|
Daisy te santi l dekouraje.
|
Daisy felt rather depressed.
|
“Mwen konen sa mwen pral fè,”
li reflechi, “Mwen pral pase kay Luigi pou pran yon banana split.”
|
"I know what I'll do," she thought,
"I'll stop off at Luigi's for a nice banana split."
|
Daisy te renmen ale chita kay Luigi-a pou fè
yon ti pale ak mèt salon krèm lan ki te yon bon Italyen ki toujou gen
bon ti paròl pou moun.
|
Daisy liked sitting in Luigi's ice-cream parlour and
having a little chat with the owner, a positive-thinking Italian.
|
Lè Daisy ap monte eskalye yo pou ale nan biwo l li
vin santi li mwens enève ak atitid moun,
|
As Daisy walked up the stairs to her office she felt
a little less sore about human beings.
|
Daisy tap chanje sapat nan pye l lè yon moun frape
nan pòt la epi moun lan antre.
|
Just as Daisy was changing her shoes to a more
comfortable pair, someone knocked on the door and walked in.
|
Se
te yon ouvrye ki te gen rad travay li sou li.
|
It was a workman in overalls.
|
“Eskize m ti matmwazèl
– Eske se ou ki Daisy Hamilton lan? Ki kote pou mwen depoze yo?”
pandan ke mesye-a ap montre li de gwo bwat sou mach la.
|
"Excuse me miss - are you Miss Daisy Hamilton?
Where shall we put these?" pointing to two large boxes on the
landing.
|
“Wi, se mwen ki Daisy Hamilton, men kisa w pote la
– kisa ki nan bwat sa yo?”
|
"Yes, I am Daisy Hamilton but what have you got
there - what's in those boxes?"
|
“Pi
gwo bwat la gen yon frijidè e ti piti-a genyen yon machin
pou fè cappuccino. Ou konen ke w te fè yon bon chwa, sa yo se pi bon mak
ki genyen.”
|
"The big one is a fridge and the smaller one is
a cappuccino-making machine. You've chosen well, you know, these are the
best makes around."
|
“Men mwen pat kòmande
okenn machin,” Daisy di ak yon sezisman.
|
"I haven't ordered either of these,"
exclaimed Daisy.
|
“Men se non paw ki sou n’ot pou livrezon an!”
mesye-a fè Daisy konnen.
|
"But it's your name on the delivery note!"
insisted the workman.
|
“Yo deja peye pou yo – djès
fè m konnen ki kote pou mwen mete yo.”
|
"It's all paid for - just tell me where to put
them."
|
Daisy ta pral refize machin yo lè
li wè Frank Baccini kap antre nan pòt la tou.
|
Daisy was just about to refuse the goods when she saw
Frank Baccini coming in the door, too.
|
“Matmwazèl
Hamilton mwen regrèt anpil ke m pat gentan rele w.
|
"Miss Hamilton. I'm very sorry I haven't been in
touch.
|
Mwen espere ke ou pap fache paske m wè ke ou pat
genyen yon frijidè nan biwo lan epi… machin capuccino sa-a se yon ti
espesyalite.
|
I do hope you don't mind but I had noticed you didn't
have a fridge in your office and... this cappuccino-making machine is a
little speciality.
|
O an pasan, men chèk ou-a pou bon travay ke w te fè
pou mwen ak yon ti diplis pou depans ou yo.”
|
Oh, by the way here is your cheque for the excellent
work you did, with a little extra for your expenses."
|
Frank
Baccini wè Daisy tèlman sezi li di :
|
Frank Baccini saw Daisy was astonished and added:
|
“Mwen espere ke sekretè
m lan te rele w? Sa fè kèk semèn ke mwen te nan lin
de myèl mwen.”
|
"My secretary did phone you, I hope? I've been
away for a couple of weeks on honeymoon."
|
Daisy
repran tèt li,”Ebyen, non, li pat di m sa – men pa gen pwoblèm
mesye Baccini!”
|
Daisy recovered herself, "Well, no, she didn't -
but that's quite all right Mr. Baccini!"
|